Accessibility links

Breaking News

Soudan Arete 3 Moun ki Kritike Kou d'Eta a, Presyon ap Ogmante sou Lame a


Moun peyi Soudan boule kawotchou nan mitan lari yon jou apre lame a te pran pouvwa a nan vil Khartoum, Soudan, 26 Oct. 2021.
Moun peyi Soudan boule kawotchou nan mitan lari yon jou apre lame a te pran pouvwa a nan vil Khartoum, Soudan, 26 Oct. 2021.

Fòs sekirite peyi Soudan yo arete 3 militan pwo-demokrasi jodi Mekredi a nan moman kote presyon entènasyonal ap ogmante sou lame a pou l kite tonbe kou d'eta li fè a.

Arestasyon yo fèt lanuit men paran militan yo konfime nouvèl la. Nouvèl la tonbe apre moun peyi Soudan te pran lari pou denonse kou a fèt nan kapital la Khartoum ak lòt vil. Tout komès te fèmen apre militan yo te lanse yon mo d'òd grèv jeneral.

Fòs sekirite yo bò kote pa yo pran mezi pou chase manifestan yo nan plizyè katye Madi.

Kou d'eta Soudan an menase tranzisyon demokratik la. Pwosesis pou tabli yon gouvènman sivil ap dirije te tanmen apre yo te dechouke lidè kanson fè Omar al-Bashir pandan yon revolt popilè.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG