Accessibility links

Breaking News

Manifestan nan Soudan Boule Kawotchou, Bloke Wout Yon Jou Apre Kou d'Eta a


Pro-democracy protesters use fires to block streets to condemn a takeover by military officials in Khartoum, Sudan, Oct. 25, 2021.
Pro-democracy protesters use fires to block streets to condemn a takeover by military officials in Khartoum, Sudan, Oct. 25, 2021.

Nan Soudan, manifestan pwo-demokrasi yo bloke wout kapital la ak barikad, yo boule kawotchou, yon jou apre lame a pran pouvwa a nan yon kou deta pi fò kominote entènasyonal la denonse.

Kou d'Eta Lendia vini kèk semèn apre tansyon t ap ogmante pi plis chak jou ant lame a ak lidè sivil yo pa rapò ak tranzisyon peyi a t ap fè pou yon gouvènman demokratik jere li.

Tansyon sa a te menase pou deraye pwosesis la, ki te sètoblije simonte plizyè obstak apre yo te ranvèse lidè kanson fè Omar al-Bashir ki te dirije peyi a pandan lontan nan yon revolt popilè sa gen 2 zan desa.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni te sipoze diskite sou sityasyon an nan yon reyinyon dèyè pòt fèmen jodi Madi a.

Gouvènman peyi oksidantal yo ak l'ONU kondane kou d'eta a e yo lanse apèl bay lame a pou'l libere Premye minis Abdalla Hamdok ak lòt responsab gouvènman li arete Lendi.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG