Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Gen Kè Sote pou Yon Nouvo Seri Atak Ris

Nan foto sa a ke dokte Ikrenyen Oleh Duda pataje ak lapres, limye yo etenn nan sal operasyon lopital kote lap travay la pandan yon chiriji danjre kote pasyan an tap senyen nan vil Lviv, Ikren, Madi 15 Nov. 2022.

Ikrèn ap fè preparasyon pou yon lòt seri atak Larisi e li lanse apèl sou posibilite pou yo ta oblije evakye zòn ozalantou kapital la, Kyèv.

Pandan jou ki pase yo, Larisi atake enstalasyon enèji ak lòt enfrastrikti kle e otorite Ikreyen yo ap goumen pou repare dega yo pi vit posib.

Pansansetan l Oksidan ap fè preparasyon pou ogmante asistans imanitè lap bay Ikren pou ke popilasyon an ka jwi yon ti chalè pandan sezon fredi a.

Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy lanse avètisman pou di twoup Ris yo ap "prepare nouvo atak paske depi yo gen misil yo pap sispann."

XS
SM
MD
LG