Accessibility links

Breaking News

Sèvis Sekirite Ikrèn Fè Desant Dè Lye nan yon Monastè Istorik Legliz Otodòks


Sevis Sekre Ikren veye antre monaste Pechersk Lavra a nan Kyev, kapital peyi Ikren, Madi 22 Nov. 2022.
Sevis Sekre Ikren veye antre monaste Pechersk Lavra a nan Kyev, kapital peyi Ikren, Madi 22 Nov. 2022.

Sèvis sekirite nan Ikrèn di jodi madi a yo fè desant dè lye nan yon monastè istorik pou legliz òtodòks nan Kyèv pou kontre sa ke yo sispèk kòm aktivite kote “fòs espesyal ris ap travay ak ajitatè.”

Desant dè lye a fèt nan Pechersk Lavra nan Kyèv. Yon kominike sèvis sekirite Ikrèn di aksyon an sete pou anpeche monastè a sèvi pou loje gwoup ki ap fè sabotaj ak espyonaj, sitwayen etranje, oubyen kòm depo zam.

Legliz Òtodòks ris ak Kremlen an kondane desant dè lye a.

Ikrèn te ekzòte rezidan yo nan kapital la, ayè lendi a, ak lòt zòn nan peyi a pou yo limite izaj elektrisite pandan li ap chache repare dega ki fèt nan sistèm elektrik la akoz atak ris, pandan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) avèti ke dè milyon moun nan Ikrèn ap fè fas ak yon sezon ivè ki ap menase lavi yo.

XS
SM
MD
LG