Accessibility links

Breaking News

Ikrèn di 765 Moun Kouri Kite Mariupol


Foto Achiv: Solda Ikrenyen yo kanpe sou yon wout kote ki gen plizye machin blende Ris ki detwi andeyo vil Kyev, kapital Ikren, 31 Mas, 2022.
Foto Achiv: Solda Ikrenyen yo kanpe sou yon wout kote ki gen plizye machin blende Ris ki detwi andeyo vil Kyev, kapital Ikren, 31 Mas, 2022.

Premye Minis adjwen Ikrenyen an deklare gen 765 sitwayen ki rive kouri kite vil Mariupol nan machin prive Samdi.

Iryna Vereshchuk deklare sitwayen sa yo rive nan vil Zaporizhzhia, yon vil ki sitye a 226 kilomèt o nodwès.

Pandanstan, Komite Entènasyonal La Kwa Wouj deklare yon ekip ki gen 3 machin ak 9 anplwaye gen entansyon ale Mariupol Samdi pou evakye sitwayen. La Kwa Wouj di li patka mennen operasyon an Vandredi paske li pat resevwa asirans chimen li tap pran an te sekirize. Otorite vil yo di Ris yo te bloke aksè ak vil la.

Sepandan ta Samdi, pat gen okenn enfomasyon sou si konvwa La Kwa Wouj la te rive Mariupol, kote atak pi sevè lagè a dewoule. Apepre 100,000 moun toujou bloke nan vil sa a ki sitye sou lanmè Azov la. Anvan lagè a vil la te gen 430,000 abitan. Kounyea lap fè fas ak mank dlo, manje, gazolin ak medikaman.

Konsèy minisipal Mariupol la te di pi bonè Samdi ke 10 otobis vid te pran direksyon Berdyansk, yon vil ki sitye a 84 kilomèt a lwès Mariupol, pou ranmase moun ki te rive kite vil la poukont yo. Gen apepre 2,000 moun ki rive kouri kite Mariupol Vandredi, dapre responsab vil la.

XS
SM
MD
LG