Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Akize La Risi Dèske Li Masakre Pèp la


Yon dam mache nan mitan debri tank Ris ki kraze nan vil Bucha, andeyo Kyev, Ikren, Dimanch 3 Avril 2022.
Yon dam mache nan mitan debri tank Ris ki kraze nan vil Bucha, andeyo Kyev, Ikren, Dimanch 3 Avril 2022.

Kadav san men, sa ki pran bal a kout pòte, lòt ki gen mak yo te toupizi yo anvan yo mouri - tout sa te epapiye nan lari yon vil andeyò Kyev apre sòlda Ris yo te rale kò yo soti nan zòn nan.

Otorite Ikrenyen yo akize fòs Ris yo Dimanch deske yo komèt krim de gè apre yo kite dèyè sa yo dekri tankou yon "sèn film d'orè".

Nan moman imaj kadav vil Bucha yo te komanse pibliye, yon pakèt lidè Ewopeyen te kondane atwosite yo e lanse apèl pou sanksyon pi sevè toujou kont Moskou.

Minis Jistis Ikrenyen an deklare yo jwen kadav 410 sivil nan vil ozalantou Kyèv yo ke fos Ris yo te pran d'aso pandan jou ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG