Accessibility links

Breaking News

Harris Vwayaje Japon pou Asiste Fineray Abe

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris monte nan avyon ofisyel li, Air Force 2, pou'l al Japon ak Kore di Sid. Li dekole depi baz aviyasyon Ameriken Joint Base Andrews, nan eta Maryland, Dimanch 25 Sept. 2022.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris vwayaje al nan peyi Japon pou asiste fineray ansyen premye minis Shinzo Abe. Harris ap fè vizit sa a nan moman gen anpil pale anpil sou politik Etazini vizavi rejyon an.

Alye Etazini yo ap chache klarifikasyon apre mesaj depaman ki soti nan bouch Prezidan Joe Biden vizavi si wi ou non Ameriken ta voye twoup pou defann Taiwan si Lachin ta deside anvayi zile a.

Gen posibilite pou plis pwovokasyon bo kote Kore di Nò tou. Peyi sa a fè yon esè nikleyè yo ti tan anvan Harris te kite Washington.

Met sou sa, gen anpil moun an Azi ki vekse poutèt yon nouvo lwa Ameriken ki di tout machin elektrik ki fabrike andeyò Amerik di Nò pa elijib pou sibvansyon leta.

XS
SM
MD
LG