Accessibility links

Breaking News

G7 Pran Fen ak Ikrèn Kòm Pwen Santral


Prezidan Joe Biden ( a dwat) rankontre Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Hiroshima, Japon, kote lap asiste Rankont o Some G7 la, 21 Me, 2023.
Prezidan Joe Biden ( a dwat) rankontre Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Hiroshima, Japon, kote lap asiste Rankont o Some G7 la, 21 Me, 2023.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy fè chita tande ak lidè gran puisans endustriyalize yo nan kad somè G7 la nan Hiroshima, Japon.

Somè a fini Dimanch.

Zelenskyy ap rasanble sipò pou jefò lap mennen pou ranpote la viktwa sou La Risi, menm apre peyi sa a reklame yon viktwa sou chan batay la. Ikrèn te prese vit demanti deklarasyon sa a.

Lidè Ikrenyen an te vwayaje Japon ak rad vè oliv militè li nan moman lidè yo tap diskite sou envazyon Larisi fè nan Ikrèn nan. Zelenskyy te dominen atansyon lidè yo tou, malgre gen lòt kestyon enpòtan yo te diskite, tankou pa egzanp defi sekirite an Azi epi asistans pou peyi sou devlope yo.

Premye Minis Japonè Fumio Kishida, ki te patwone rankont G7 la di gwoup la pran angajman pou "apiye Ikrèn ak tout fòs li ak nan tout dimansyon posib."

XS
SM
MD
LG