Accessibility links

Breaking News

FMI Fè Konnen li Ijan pou Ayiti Rejwenn yon Estabilite Politik e Ekonomik


FMI
FMI

FMI eksprime enkyetid li devan kriz sosyo politik peyi Dayiti a e fè konnen li ijan pou gen estabilite politik ak devlopman makwoekonomik. Li mande pou Ayiti adrese pwoblèm povrete ak inegalite ak konbat koripsyon prese prese.

FMI mande tout pati konsène yo chita pale nan yon dyalòg nasyonal yon fason pou etidye difikilte san parèy yo e vini ak yon plan kwasans pi enklisiv. Responsab FMI yo ankouraje Ayiti pou l gen yon kowoperasyon pi etwat ak bayè de fon yo, anplis asistans teknik.

Oganizasyon an di li byen akeyi angajman estratejik peyi a adopte kòm baz pou jan li pral jere lajan alavni. Nòt la mansyone, " Direktè egzekitif FMI an dakò ak rekòmandasyon gwoup espè yo fè sou sitiyasyon ekonomik peyi Dayiti a.

Konsèy administrasyon FMI an tire konklizyon sa a sou Ayiti konfòmeman ak atik 4 sou konsiltasyon pou ane 2019 la. Fon Monetè Entènasyonal te pibliye nòt sa a 28 janvye 2020 pase a.

XS
SM
MD
LG