Minis afè etranjè gouvènman demisyonè a Bocchit Edmond trouve l nan Jamayik kote li patisipe nan yon rankont ak sekretè deta ameriken an Mike Pompeo ansanm ak kèk lòt lidè Karayib la pou ranfòse relasyon peyi sa yo ak Etazini pandan yon table ronde.
Nimewo 1 diplomasi ayisyen an mete yon mesaj sou kont twitter l pou di li te pale ak sekretè deta ameriken an pou diskite sitiyasyon an ann Ayiti ak angajman prezidan Jovenel Moise pou garanti kontinyite leta a.
Chèf diplomasi ayisyen an patisipe nan yon rankont bilateral ak Premye Minis Jamayiken an Andrew Holness.