Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Lapolis Kenbe Clairjeune Juste Chandoux, Sispèk nan Asasinay sou Jounalis Nehemie Joseph

Foto achiv ki montre jounalis kap manifeste pou mande jistis pou konfrè yo, Vladjimir Legagneur, ki disparèt pandan li te al fè yon repòtaj nan katye popilè Gran Ravin, yon zòn ki anba kontwòl gang ame. (AP Photo/Dieu Nalio Chery) 28 mas 2018.

Lapolis dominiken arete e retounen ann Ayiti Clairjeune Juste Chandoux ki akize kòm prezime asasen jounalis Nehemie Joseph ki t ap travay nan Radyo Panic FM nan Mirbalè 10 Oktòb 2019 dapre deklarasyon komisè gouvènman Mirbalè a Elione Saint Fleur.

Prezime asasen an trouve l nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a kote l reponn kesyon otorite yo. Komisè Saint Fleur di li te mete yon manda damne kont akize a ke lapolis domininkèn arete nan Punta Cana. Enfòmasyon ki disponib yo fè konnen akize a, Clairjeune Juste Chandoux, t ap travay kòm sekirite nan palman ayisyen an.

Ayiti-Koripsyon:

Sèvis imigrasyon arete vandredi pase Kerbi Alcantara, k ap travay nan anbasad ayisyen an nan Repiblik Dominikèn e renmèt li bay Unite de Lutte kont La Coruption anba akizasyon fo e uzaj de fo. ULCC te deja transfere prevni an devan tribinal anba menm akizasyon yo men tribinal la te libere l.

XS
SM
MD
LG