Accessibility links

Breaking News

UNESCO Mande yon Ankèt Serye sou Asasina Jounalis Néhémie Joseph nan Peyi d Ayiti


Direktris Jeneral UNESCO a, Audrey Azoulay, (Foto: AP/Michel Euler, Frans, 19 novanm 2018).
Direktris Jeneral UNESCO a, Audrey Azoulay, (Foto: AP/Michel Euler, Frans, 19 novanm 2018).

Direktris jeneral UNESCO a, Andrey Azoulay, lanse apèl bay otorite peyi d Ayiti yo pou l mande yo mennen yon ankèt sou asasina jounalis Néhémie Joseph ki te mouri anba bal nan dat 10 oktòb pase a nan vil Mibalè, nan Ba Plato Santral la. Nan yon deklarasyon D.G. UNESCO a pibliye jedi 17 oktob 2019 la, li fè konnen:

“Mwen kondane asasina Néhémie Joseph la. E mwen lanse yon apèl prese-prese bay otorite yo ann Ayiti pou yo pa neglije okenn efò nan ankèt yo dwe mennen sou krim sa a e chache garanti ke tout moun ki responsab pou asasina sa a reponn devan lajistis. Jounalis yo ak medya yo an jeneral pote yon kontribisyon endispansab nan mach demokrasi a e gouvènman yo dwe fè sekirite yo tounen yon priyorite.”

Nan nòt pou laprès la, Madam Audrey kontinye pou l di:

"Yo te dekouvri kadav Néhémie Joseph nan kòf machin li aprè kèk atakan enkoni te tire li. Néhémie Joseph sete yon repòtè-radyo e yon prezantatè nouvèl nan Panic FM ki baze nan Mibalè, avèk Radyo Mega ki baze nan Pòtoprens. Pa lontan anvan sa, jounalis la te di sou yon rezo sosyal li te resevwa menas poutèt repòtaj li te fè sou fason otorite yo t ap jere kriz politik peyi a ap travèse a."

UNESCO
UNESCO


Daprè nòt pou laprès la, Travay l’UNESCO se ankouraje respè pou sekirite jounalis yo gras ak yon kanpay mondyal kote li fè moun pran konsyans de enpòtans travay laprès, ranfòsman kapasite jounalis yo ak elajisman kad travay yo, espesyalman nan kad Plan d Aksyon l’ONU pou Sekirite Jounalis yo ak Afè Enpinite a.

XS
SM
MD
LG