Accessibility links

Breaking News

Yon Moun Mouri Plizyè Lòt Blese nan Mirbalais Apre Fineray Jounalis Nehemie Joseph


Manifestasyon nan Mirbalais apre antèman jounals Nehemie Joesph nan Mirbalais samdi 2 Novanm 2019 la
Manifestasyon nan Mirbalais apre antèman jounals Nehemie Joesph nan Mirbalais samdi 2 Novanm 2019 la

Yon pròch Lakou Doubay ak Mouvman Sitwayen Angaje Sant pèdi lavi li e 6 lòt moun soti blese pami yo yon polisye UDMO nan yon manifestasyon ki dewoule nan Mirbalais samdi 2 novanm 2019 la nan okazyon antèman jounalis Néhémie Joseph ki mouri asasine nan kòmansman mwa doktòb pase a.

Anpil katouch tap nan moman plizyè ri vil te barikade. barikade. Plizyè politisyen ki te vin patisipe nan fineray Néhémie Joseph, korespondan Radyo Mega epi jounalis Radyo Panic FM ki te konn prezantatè emisyon Tambour Vérité.


Antèman sa a te fèt sou plas piblik Mirebalais an prezans plizyè milye moun. Lidè politik, senatè ak depite, jounalis, manm sosyete sivil ak pwòch konfrè a te vin rann li yon dènye omaj.

Antretan direktè depatmantal polis la Sant la, komisè divizyonè Jean Michel Choute ki pale avèk Lavwadlamerik pa telefòn di popilasyon an gen dwa pou l manifeste, men dwe konnen yo pèson pa gen dwa anpeche lòt moun vakye epi ale okipe zafè yo.

Korespondan Lavwadlamerik nan Mirbalais Jean Christopher Collegue kontribye nan edosyon atik sa a.

XS
SM
MD
LG