Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nan Moman Peyi a Gen yon Kalma Politik; Fenomèn Ensekirite a Ap Vale Teren


Yon sivil ki ame ak gwo zam nan yon katye popilè.
Yon sivil ki ame ak gwo zam nan yon katye popilè.

Prezidan Jovenel Moise mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter@moisejovenel pou l lanse yon apèl ijan pou CSPN nan mete an plas yon plan kowòdone ak pakè tribinal peyi a pou pran aksyon konkrè pou mete fen nan ensekirite, banditis nan respè lalwa. Kote tout peyi a ap tann rezilta.

Mesaj prezidan, vini apre otorite polisyè yo fè konnen yo anrejistre deja twa mò nan kad konfli ame ki eklate nan katye popilè Matisan ant bann rival kap tire youn sou lòt. Selon lòt temwen ta gen plis moun ki mouri nan Matisan.

Yon lòt kote, nouvèl yo rapòte fenomèn kidnapping rekòmanse nan peyi a kote bandi ame ap sekestre sitwayen pezib epi mande fanmi yo pou peye ransom.

XS
SM
MD
LG