Menm ak konpetisyon sevè nouvo film Matrix ak Sing te prezante pou li, epitou gwo kè sote moun genyen akoz varyan omicron an, "Spider-Man: No Way Home" kenbe premye plas la pami film ki antre plis lajan yo.
Film nan te antre $81.5 milyon pandan wikèn nan, dapre sa stidyo ki pwodwi'l la estime. Li devni tou film ane 2021 an ki antre plis lajan nan mond lan, swa plis pase $1 milya dola nan 12 jou sèlman.
"Sing 2" stidyo Universal la fini an 2e plas apre li antre apepre $23.8 milyon dola, tandiske "The Matrix Resurrections" limenm antre $12 milyon dola pou'l okipe 3e plas la.
Film biyografik Kurt Warner la ki rele "American Underdog", e ki soti jou Nwèl la antre $6.2 milyon apre 2 jou.