Accessibility links

Breaking News

Aktris Garcelle Beauvais Refè Apre Li Trape COVID-19


Foto Achiv: Aktris Ayisyen Ameriken Garcelle Beauvais nan Los Angeles, Kalifoni.
Foto Achiv: Aktris Ayisyen Ameriken Garcelle Beauvais nan Los Angeles, Kalifoni.

Aktris Ayisyèn Amerikèn Garcelle Beauvais te malad anpil. Li trape kowonaviris la. Men kounyea, li refè dapre yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl Instragam ak Twitter li yo.

Mesaj la, kote Garcelle pale ann Angle, fè konnen li santi'l byen kounyea e li remèsye tout moun ki ta ba li sipò pandan moman difisil sa a.


Aktris la, ki parèt nan dènye sezon seri televize popilè Ameriken ki rele The Real Housewives of Beverly Hills (vre madanm marye Beverly Hills yo) di moun te non sèlman pote soup ak lòt bon bagay ba li, men yo te rekomande pwogram televizyon li te ka gade pandan li tap reprann ni.

Madan Beauvais se moun Sen Mak ann Ayiti, li divòse e li gen 3 pitit.

XS
SM
MD
LG