Accessibility links

Breaking News

Ex-Prezidan Ekwatè a, Kap Viv Ann Egzil, Pa Ekate Posibilite Pou'l ta Tounen nan Peyi'l


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Ekwate Rafael Correa pandan yon entevyou ak Associated Press nan vil Brussels, 11 Sept. 2020.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Ekwate Rafael Correa pandan yon entevyou ak Associated Press nan vil Brussels, 11 Sept. 2020.

Ansyen prezidan Ekwatè, Rafael Correa deklare egzil politik Beljik akode li pwouve ke otorite peyi li ap pèsekite'l.

Nan yon entèvyou ak Associated Press, Correa pa ekate posibilite pou'l ta retounen nan politik.

An 2020, yon tribinal Ekwatoryen te jwenn Correa koupab de koripsyon epi kondane'l pa kontimas pou'l pase 8 an nan prizon. Lap viv nan peyi natal madanm ni, Bèljik depi 2017.

Otorite Ekwatè yo mande pou Bèljik arete epi ekstrade misye, men jiskaprezan yo kite misye rete Bèljik.

Tribinal Jistis Nasyonal Ekwatè a voye yon nouvo demann ekstradisyon pou Correa semèn pase a. Sepandan ansyen chèf d'eta a gen azil nan Bèljik epi stati refije.

XS
SM
MD
LG