Accessibility links

Breaking News

Etazini: Robert Mueller Eksplike pou Kisa li Te Deside Pa Akize Prezidan an


Pwokirè espesyal FBI Robert Mueller.
Pwokirè espesyal FBI Robert Mueller.

Pwokirè Espesyal Robert Mueller di akize prezidan ameriken an Donald Trump pou krim paske li tap eseye bloke travay lajistis pat yon opsyon biwo envestigasyon an li an dapre règleman Depatman Jistis la.

Pwokirè Espesyal la pale konsa nan laprès pou lapremyè fwa apre 22 mwa li fè ap mennen yon ankèt manch long pou konnen si wi ou Larisi ta nan mank e melanj ak moun nan kapay Donald Trump la an novanm 2016 pou te ede Mesye Trump genyen eleksyon yo.

Pwokirè Espesyal Mueller te mete fen nan ankèt la nan fen mwa mas 2019 la kote rapò li a fè konnen li pa jwenn prèv ki motre klè konplisite ant Moskou ak kanpay prezidansyè Donald Trump la.

Sepandan, ankèt la pa blanchi prezidan an sou soupson kòmkwa li tap eseye bloke travay lajistis. Mesye Mueller di, “Si nou te konfyan e nou te wè klèman prezidan an pat komèt yon krim, nou tap di sa.”

XS
SM
MD
LG