Ansyen gouvènè Eta Masachussets Mitt Romney genyen yon dènye pa pou l fè sou wout pou l pase men pran nominasyon Pati Repibliken an pou pòs prezidan Lèzetazini, aprè nouvèl parèt dimanch 15 janvye 2012 la pou di yon lòt nan kandida yo, John Huntsman, yon ansyen anbasadè ameriken nan Lachin, gen plan pou l kraze yon kite sa epi andose kandidati Misye Romney an.
Nouvèl la tonbe kèk èdtan apre jounal The State (yon gwo jounal nan eta Kawolin di Sid) ekri pou l di li andose kandidati Misye Huntsman nan. Se nan Eta Kawolin di Sid pwochen eleksyon primè a pral dewoule samdi 21 janvye a.
Mitt Romney prale nan primè sa a non sèlman avèk yon bon van nan vwal li aprè li te ranpòte primè Eta New Hanpshire la madi pase a, men misye jwenn andòsman gouvènè repibliken Kawolin di Sid la, Nikki Haley, yon pèsonalite ki genyen bon jan plas nan konsiderasyon elektè konsèvatè yo, sitou manm yon mouvman ki rele Tea Party.
Kandida yo gen pou yo patisipe nan yon deba nan sware lendi 16 janvye 2012 la.