Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Depite yo Konvoke Minis Jistis la sou Entèvansyon l nan Dosye Roger Stone nan


Minis Jistis Etazini an William Barr nan Depatman Jistis la nan Washington D. C. Foto: 13 janvye 2020.
Minis Jistis Etazini an William Barr nan Depatman Jistis la nan Washington D. C. Foto: 13 janvye 2020.

Isit Ozetazuni, minis jistis la, William Barr, gen pou l vin bay yon depozisyon devan komite jiridik chanm bas la nan mwa kap vini la a nan kad apèl moun ap lanse tribò babò pou louvri yon ankèt sou enfliyans Prezidan Donald Trump ap eseye egzèse sou depatman jistis la ansanm ak sistèm jidisyè ameriken an.

Prezidan komite jiridik chanm bas la, depite Demokrat Jerrold Nadler fè anons sa a menm jou kote Prezidan Trump te chante lwanj pou Misye Barr poutèt li te fè yon entèvansyon nan pwosè pou koripsyon politik kont yon bon zanmi lidè ameriken an, Roger Stone.

Mesye te entèvni yon fason pou fè lajsitis redwi santans akize a apre kèk pwokirè de karyè te rekomande yon vèdik 9 van prizon pou koupab la. Dosye Roger Stone nan makonnen ak yon envestigasyon sou eleksyon 2016 la, yon eleksyon Msye Trump te ranpòte.

XS
SM
MD
LG