Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la Pral Aplike Mezi Ki Entèdi Moun Kap Pran Èd nan Leta Vin Sitwayen Ameriken


Imigran ki rezide Ozetazini kap prete sèman dalejans pou vin sitwayen ameriken.
Imigran ki rezide Ozetazini kap prete sèman dalejans pou vin sitwayen ameriken.

Biwo ki okipe kesyon sitwayènte ak sèvis imigrasyon Etazini an anonse yo pral mete ann aplikasyon règleman ki pèmèt otorite yo kapab pa admèt yon imigran antre oubyen rete nan peyi a, si li pran asistans nan men leta, oubyen si yo detèmine ke li pwobab ke etranje sa a pran asistans nan men leta Ozetazini nan lavni.

Otorite imigrasyon Etazini yo pibliye yon nòt pou laprès nan dat 30 janvye 2018 la kote yo anonse yo pral mete règleman ki di imigran ki pran èd nan men leta, yo ka jwenn yo pa admisib pou yo vin sitwayen ameriken e yo ka menm jwenn ke imigran sa yo pa dwe gen rezidans Ozetazini. Biwo imigrasyon an di reglèman sa a ap antre ann aplikasyon 24 fevriye 2020 an, eksepte nan eta Illinois.

Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Avoka Emmanuel Coffy, ap ede oditè yo konprann ki sak pral pase imigran kap pran èd leta lè yo mete règleman an ann aplikasyon 24 fevriye 2020 a.

Avoka imigrasyon Emmanuel Coffy tap reponn VOA Kreyòl depi eta New Jersey, nan mikwo Ronald Cesar.

Avoka Emmanuel Coffy depi New Jersey ap ede oditè VOA Kreyòl yo konprann ki sak ka rive yon imigran kap pran èd leta
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:56 0:00


XS
SM
MD
LG