Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Primè Demokrat yo nan New Hampshire Pral Bay yon Ide sou Kilès Kika Jwenn Nominasyon Pati a


Kandida Demokrat yo: Pete Buttigieg, Sen. Bernie Sanders, Joe Biden, Elizabeth Warren, ak Amy Klobuchar, pandan deba yo nan inivèsite Saint Anselm nan Manchester, New Hampshire, 7 fevriye 2020.
Kandida Demokrat yo: Pete Buttigieg, Sen. Bernie Sanders, Joe Biden, Elizabeth Warren, ak Amy Klobuchar, pandan deba yo nan inivèsite Saint Anselm nan Manchester, New Hampshire, 7 fevriye 2020.

Ansyen majistra vil South Bend, eta Indiana, Pete Buttigieg, ap pare pou l antre nan premye eleksyon primè ki pral dewoule 11 fevriye 2020 an nan New Hamshire ak plis delege pase lòt rival Demokrat li yo.

Mesye Buttigieg ranmase 14 delege nan 41 ki te disponib nan kokis Iowa, e senatè eta Vermont Bernie Sanders rive tousuit apre ak 12 ladan yo limenm. Sou bò pa yo, senatè Massachussetts Elizabeth Warren jwenn 8 delege, ansyen vis-prezidan Joe Biden ranmase 6 limenm epi senatè eta Minnesota, Amy Klobuchar rete ak dènye grenn delege a.

Kandida Demokrat ki pral dekwoche envestiti pati a pral bezwen 1990 delege antou nan konvansyon pati Demokrat la ki pral fèt nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, nan mwa jiyè pwochen an.

XS
SM
MD
LG