Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Etazini Ralanti Men li Anrejistre yon Kwasans 2,9%


Foto Achiv: Yon anplwaye faktori BMW Sprtanburg la nan eta Kawolin di SId, 19 Oktob 2022.
Foto Achiv: Yon anplwaye faktori BMW Sprtanburg la nan eta Kawolin di SId, 19 Oktob 2022.

Ekonomi Etazini an jwi yon kwasans 2,9% and mwad Oktob la ak mwad Desanm 2022.
Yo anrejistre kwasans sa a malgre to enterè yo ki wo anpil epi kè sote moun genyen pou yon resesyon.

Jedi, estimasyon gouvènman an te montre pwodui nasyonal bru peyi a - pi gran endis pwodiksyon ekonomik - te ralanti konparativman ak peryod ant Jiyè ak Septanm nan kote yo te anrejistre yon kwasans 3,2%.

Pi fo ekonomis yo kwè ekonomi an pral ralanti pi plis nan mwa kap vini yo epi petèt tonbe nan yon resesyon leje nan mitan ane a.

Ekonomi Etazini te jwi yon bourad pandan mwa ki sot pase yo gras ak reziyans konsomatè yo ki te fè anpil depans, epi biznis yo ki komande machindiz siplemantè.

Depans gouvènman federal la te ede ogmante pwodui nasyonal bri Etazini tou.

XS
SM
MD
LG