Accessibility links

Breaking News

To Enflasyon an Bese a 6,5% Ozetazini


Foto Achiv: Yon mayo Rolling Stones ki date de ane 1970 nan yon magazin nan Paramus, New Jerze, Samdi 17 Desanm 2022.
Foto Achiv: Yon mayo Rolling Stones ki date de ane 1970 nan yon magazin nan Paramus, New Jerze, Samdi 17 Desanm 2022.

Pri pwodui konsomatè yo Ozetazini te vin pi modere mwa pase a e sa bay espwa enflasyon kap trakase Ameriken epi ekonomi peyi a pral bese ane sa a. Rezèv Federal la (Bank Santral Etazini) tap konsidere kèk mezi drastik pou kontwole enflasyon an.

Dapre yon nouvo rapò, enflasyon an bese pou l rive 6,5% nan Mwad Desanm nan konpare ak ane pase a. Sete 6èm bès yo antrejistre pandan 12 mwa ki pase yo.

Chak mwa pri pwodui yo te bese pa 0.1 % ant mwad Novanm ak Desanm nan. Se premye gwo bès konsa yo anrejistre depi mwad Me 2020.

Done sa yo bay espwa apre kè sote pou pi gwo to enflasyon Etazini konstate depi 40 an tapral ogmante.

Sepandan, Rezèv Federal la pa atann ni aske enflasyon an bese ase pou atenn nivo 2% pazavan ane 2024.

XS
SM
MD
LG