Accessibility links

Breaking News

To Chomaj Mwad Out la Ozetazini Taka Ede Gouvenman an Konbat Enflasyon


Foto Achiv: Yon afich nan yon restoran nan Highland Park, Ilinwa, ki di yap chache anplwaye, 14 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Yon afich nan yon restoran nan Highland Park, Ilinwa, ki di yap chache anplwaye, 14 Jiye, 2022.

Konpayi Ameriken yo te anplwaye plis moun mwa pase a.

Ekonomi Ameriken nan ajoute 315,000 nouvo jòb nan mwad Out la, ki se yon done solid ki montre ekonomi Etazini gen reziyans, malgre to enterè yo ki kontinye ogmante, lavichè epi yon ralanti nan depans konsomatè yo.

Rapò Depatman Travay la pibliye Vandredi montre to chomaj la ogmante a 3,7%. Chif pi ba yo janm anrejistre pou chomaj sete 3,5% sa gen 50 an desa.

Sepandan ogmantasyon sa a se yon siy ankourajan tou: Li reflete yon ogmantasyon Ameriken tap tann depi lontan, sitou sa yo ki tap tann pou chache travay.

XS
SM
MD
LG