Depatman Trezò Etazini di lap pran "mezi ekstraòdine" nan moman gouvenman an rive nan limit kantite lajan li ka prete legalman - swa $31.381 trilyon dola.
Sekrete Trezò Janet Yellen voye yon let bay lide Kongrè yo, kote li ankouraje yo adopte yon lwa pou ogmante limit dèt peyi a.
Tansyon ant Prezidan Joe Biden ak Repibliken nan Lachanm Depite a ogmante kè sote moun genyen sou si Etazini ap kapab evite yon posib kriz ekonomik.
Jiskaprezan mache yo rete kalm, e gouvènman an kapab konte pwovizwaman sou kèk modifikasyon nan kontabilite pou jere pwoblèm nan.
Savledi nempòt ki menas pou ekonomi an pap rive nan yon pwen grav pazavan kèk mwa.
Sepandan sityasyon ki egziste kounyea sanble, dapre obsèvatè yo, pi danjre ke jan se te ye nan le pase.