Accessibility links

Breaking News

Done Moderna Ranmase Sou Piki Booster li Montre Bon Rezilta Kont Omicron


Foto Achiv: Yon echantiyon piki Moderna kont COVID-19 la.
Foto Achiv: Yon echantiyon piki Moderna kont COVID-19 la.

Konpayi famasetik Moderna fè konnen yon doz vaksen booster li a kont COVID-19 ta dwe ofri moun pwoteksyon kont varyan omicron an kap pwopaje toupatou nan mond lan rapidman.

Moderna di tès li fè nan laboratwa montre piki booster li yo - ke yo deja komanse sevi, e ki gen mwatye doz orijinal vaksen li an ladann - te ogmante 37 fwa, kantite antikò nan san moun ki te pran'l pou konbat omicron.

Yon doz konplè booster a te pi pwisan toujou, malgre li te vini ak efè segondè.

Savan yo poko revize done Moderna yo. Sepandan, nouvèl la vini apre Pfizer te anonse ke vaksen booster pa li ogmante antikò yo tou. Se poutèt sa otorite la sante yo ankouraje popilasyon an pou y'al pran piki booster la.

XS
SM
MD
LG