Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Kite Tonbe Lajan COVID-19, Pare Chemen an pou Apwouve Asistans pou Ikrèn


Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi pale ak lapres, Jedi 3 Mas, 2022.
Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi pale ak lapres, Jedi 3 Mas, 2022.

Lidè Demokrat yo abandone plan yo te genyen pou apwouve $16.5 milya dola pou konbat pandemi COVID-19 la.

Sa pare chemen an pou yon deba nan La Chanm sou pasaj yon pwojè lwa depans gouvènman an ki gen kom poto mitan asistans pou Ikrèn ak alye Ewopeyen yo.

Lidè La Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi anonse Mèkredi ke yap wetire depans pou COVID-19 la apre palmantè yo te pwoteste dèske pou peye pou li Kongrè a te anvizaje koupe asistans li te apwouve anvan sa pou ede eta yo.

Pelosi di Kongrè a "dwe pouse pou pi devan" ak pwojè lwa depans $1.5 trilyon dola a paske gen yon ijans pou ede Ikrèn epi finanse lot pwogram gouvènman Ameriken an.

XS
SM
MD
LG