Accessibility links

Breaking News

Kamala Harris Pral Fè Yon Visit nan Polòy ak Woumani


Vice President Kamala Harris arrives to board Air Force Two, March 9, 2022, at Andrews Air Force Base, Md.
Vice President Kamala Harris arrives to board Air Force Two, March 9, 2022, at Andrews Air Force Base, Md.

Vis prezidan Etazini Kamala Harris pral fè yon visit nan Poloy ak Woumani, visit ki pral santre sou fason manb l”Otan yo ka aplike sanksyon ekonomik ki an plas yo.

Vis prezidan Etazini Kamala Harris pral kolabore avek Poloy e ak Woumani nan pwochen etap repons pou envazyon Larusi nan Ikrèn nan e re-bayo asirans ke yo gen apwi Washington, nan rankont li kap komanse demen jedi a avek lidè tou 2 peyi sa yo.

Peyi sa yo gen kè-sote k-ap ogmante pou agresyon Larusi nan rejyon an e yo se manm ki pi a lès nan l’Otan. Yo pataje fwontyè avek Ikrèn kote plizye milye refujye ap anvayi.

Harris pral santre sou fason manm l”OTAN yo ka aplike sanksyon ekonomik ki an plas yo e montre yo ki jan yo ka rete aliyen e vanse pou pi devan ansanm, dapre sa otorite wo plase nan administrasyon an fè konnen.

Li pral angaje-l tou avek refijye ki soti Ikrèn e ki jete kò yo nan Poloy e li pral diskite sou asistans imanitè ak sekirite pou Ikrèn ak rejyon an dapre sa yo di. Kantite refujye envazyon Larusi a kreye depase 2 milyon.

Vis prezidan an pral diskite sou kesyon sa yo nan kapital Polòy la Varsovi avek premye minis kanadyen Justin Trudeau ki ap vizite rejyon an li menm tou.

Youn nan otorite yo fè konnen anpil nan diskisyon yo nan 2 kapital yo pral santre sou pwochen etap yo e sou kijan y-ap pouse balon an pou pi devan.

Vizit nan Ewop de Lès la vini apre vwayaj vis prezidan an te fè an’Almay pou yon konferans sou sekirite kote li te rankontre avek alye ak patnè Etazini yo pami yo prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky nan kad yon efò pou kenbe alye ann Ewòp yo uni nan moman yo te wè klè ke Larisi ta pwal anvayi Ikrèn

XS
SM
MD
LG