Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Prezidan Biden Aprè Lanmò Rèn Elizabeth 2


Prezidan Etazini Joe Biden siyen yon liv kondoleyans pandan premye dam Jill Biden ap swiv apre lanmo Ren Elizabeth, nan Anbasad Anglete nan Washington, 8 Sept. 2022.
Prezidan Etazini Joe Biden siyen yon liv kondoleyans pandan premye dam Jill Biden ap swiv apre lanmo Ren Elizabeth, nan Anbasad Anglete nan Washington, 8 Sept. 2022.

Lamezon Blanch, 8 Septanm 2022 • Deklarasyon

“Sa Mejeste Rèn Elizabeth 2 te plis pase yon monak. Li te defini tout yon epòk.

Nan yon mond k ap chanje tout tan, Rèn nan te reprezante yon prezans pèmanan e yon sous konfò ak fyète pou plizyè jenerasyon sitwayen britanik –anpil pami yo pa t janm konnen okenn lòt lidè ke li menm. Se yon admirasyon enfini ki te ranpli tout pèp atravè Commonwealth la pou Rèn Elizabeth 2. Rèyn li a, ki dire 7 dizèn dane -yon rèyn kote li pa t sispann fè listwa- te temwen yon long epòk kote lòm te fè pwogrè limanite pa t janm wè anvan nan listwa, yon long epòk kote diyite imèn pa t janm sispann ale de lavan.

Se premye monak britanik ki te pwovoke yon koneksyon pèsonèl e imedya avèk pèp toupatou atravè lemond, kit se lè yo t ap tande li nan radyo kòm yon jenn prensès ki t ap pale ak timoun Wayòm Ini yo, kit se lè administre l yo te rasanble otou aparèy televizyon yo pou yo te asiste seremoni kouwònman li, oubyen pou suiv dènye diskou li sou Fèt Nwèl la, oubyen ankò dènye jibile li a sou telefòn entèlijan yo. Epi, li menm, bò kote pa l, te dedye tout vi l pou l te sèvi yo.

Avèk sipò mari byeneme li a, Prens Filip, konpayon lavi li pandan 73 zan, Rèn Elizabeth 2 te dirije peyi li avèk gras, avèk yon angajman innebranlab vizavi devwa li, mete sou puisans enkonparab egzanp li te bay yo. Li te sibi danje ak soufrans 2èm Gè Mondyal la ansanm avèk sitwayen britanik yo e l te kenbe yo ini pandan devastasyon yon pandemi mondyal pou yo te rete tann yon demen miyò ki t ap vini. Gras ak devouman total li pou sèvis patwonaj ak charite, li te sipòte koz ki voye moun monte e ki ogmante chans ak opòtinite. Paske li te montre amitye ak respè pou peyi ki te fèk fin pran endepandans yo atravè lemond, li te leve byen wo kòz libète e li te devlope relasyon ki te ede ranfòse Commonwealth la, ke li te tèlman renmen, pou fè l tounen yon kominote ki ankouraje lapè e ki pataje bon prensip.

Rèn Elizabeth 2 sete yon fanm deta ki te gen yon diyite san parèy ak yon karaktè fèm ki te apwofondi baz Alyans ant Wayòm Ini ak Lèzetazini. Li te pote kontribisyon li nan efò pou fè relasyon nou vin espesyal.

Nou te rankontre Rèn nan pou la premyè fwa an 1982 pandan nou te vwayaje nan Wayòm Ini kòm manm yon delegasyon senatoryal. E li te fè nou yon onè lè l te envite nou lakay li nan mwa jen 2021pandan premye vwayaj nou aletranje kòm Prezidan ak Premyè Dam; pandan vizit sa a li te chame nou avek konesans li, li te enpresyone nou avek amabilite li, e jenerozite li te pèmèt li pataje sajès li avèk nou. An tou, li te rankontre 14 prezidan ameriken. Li te ede Ameriken yo komemore ni anivèsè fondasyon Jamestown nan, ni bisantnè endepandans nou. Epi li te montre solidarite l avèk Lèzetazini nan moman ki pi tèrib nan istwa nou, swa pandan jou ki te vini apre atak 9 septanm 2001 yo, lè li te raple nou avèk fèmte ke “Dèy ak dlonanje se pri nou peye pou lanmou.”

Nan ane k ap vini yo, nou atann nou aske nou va kontinye devlope yon amitye pwòch avèk Wa a, Rèn nan epi antouraj yo. Jounen jodi a, anpil moun atravè Lezetazini kenbe pèp Wayòm Ini an ak pèp tout Commonwealth la nan panse ak priyè yo, menm jan nou pataje dèy yo. Nou eksprime kondolayans sensè nou pou manm Fanmi Wayal la ki non sèlman an dèy pou Rèn yo, men pou trè chè manman yo, grann yo, epi gran-grann yo. Eritaj li kite dèyè a pral okipe yon gwo plas nan istwa La Grann Bretay e nan istwa lemond.”

XS
SM
MD
LG