Accessibility links

Breaking News

Chrissy Teigen Anonse Li Ansent


Chrissy Teigen ak mari li John Legend nan seremoni remiz pri Grammy yo, nan Las Vegas, Dimanch 3 Avril, 2022.
Chrissy Teigen ak mari li John Legend nan seremoni remiz pri Grammy yo, nan Las Vegas, Dimanch 3 Avril, 2022.

Chrissy Teigen, yon manken ki marye ak mizisyen John Legend anonse li ansent prèske 2 zan apre li te pèdi yon pitit.

Teigen anonse nouvèl la Mèkredi sou Instagram kote li pibliye 2 foto vant li.

Mannken ak ekriven liv resèt la ki gen 36 zan, ekri "nou gen yon lot timoun nan wout" nan yon mesaj li pibliye apre li te fè yon fos-kouch an 2020.

Li pale de obstak li te oblije simonte pa rapo ak fètilite li epi li di li te gen twop anskyete pou'l te revele ke li ansent anko.

Koup la deja gen 2 timoun.

XS
SM
MD
LG