Accessibility links

Breaking News

Celia Tounen yon Tanpèt Twopikal tou Pre Kòt Pasifik Meksik


Tanpet twopikal Celia - tou pre kot peyi Meksik, Madi 21 Jyen 2022.
Tanpet twopikal Celia - tou pre kot peyi Meksik, Madi 21 Jyen 2022.

Celia reprann fòs li pou'l tounen yon tanpèt twopikal tou pre kòt sid Meksik la ki bay sou oseyan Pasifik la e meteyowolojis yo predi li pral pwobableman tounen yon ouragan. Sepandan sanble li pran direksyon lanmè olye lap vanse nan direksyon tè a.

Celia te gen fòs yon tanpèt twopikal Vandredi lè li te frape tou pre Amerik Santral la men li te vinn pèdi fòs epi tounen yon depresyon twopikal apre sa.

Sant Nasyonal Meteyowoloji Etazini an di Celia pote van kap soufle ak 65 kilomèt alè Madi. Li te santre ak yon distans 590 kilomèt o sid Acapulco, Meksik.

Yo atann yo aske li vinn tounen yon ouragan Jedi anvan li pase sou lanmè ki pi frèt epi pèdi fòs.

XS
SM
MD
LG