Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Alex Pran Direksyon Bèrmud


Yon dam mache ak chyen li pandan yon poz bref nan gwo lapli ki tonbe sou Miami, Samdi 4 Jyen 2022.
Yon dam mache ak chyen li pandan yon poz bref nan gwo lapli ki tonbe sou Miami, Samdi 4 Jyen 2022.

Premye tanpèt sezon ouragan Atlantik la pran direksyon zile Bèrmud, apre li finn touye 3 moun nan Kiba epi inonde wout yo nan Florid.

Alex vinn tounen yon tanpèt twopikal apre li te pran fos tou pre kot ès eta Florid bonè Dimanch.

Sant Nasyonal Meteyowoloji a di Alex pote avè'l van kap soufle ak yon vitès 65 mil alè e li te santre a yon distans 764 kilomèt o wès-sidwès Bèrmud bonè apremidi a. Li tap deplase nan direksyon ès-nodès ak yon vitès 23 mil alè e yo te atann aske li pase jis o no Bèrmud Lendi.

Gen kèk zon nan Sid Florid ki fè fas ak inodasyon akoz gwo lapli ki tonbe pandan wikèn nan. Responsab Miami yo di gen machinn ki te bloke lè dlo te anvayi wout yo.

XS
SM
MD
LG