Accessibility links

Breaking News

Premye Ouragan 2022 a, Agatha, Pran Direksyon Vil Touristik Meksik yo


Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot pasifik peyi Meksik, Dimanch 29 Me, 2022.
Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot pasifik peyi Meksik, Dimanch 29 Me, 2022.

Premye ouragan sezon an fòme tou pre kòt sid Pasifik peyi Meksik la e lap pran fòs rapidman. Meteyorolojis yo atann yo aske li pase sou yon seri vil touristik kote ki gen plaj ak vilaj kote moun fè lapèch.

Sant Nasyonal Meteyowoloji Etazini an di Ouragan Agatha taka rive sou Meksik Lendi, tou pre vil Puerto Escondido ak Puerto Angel, nan eta sid ki rele Oaxaca a.

Rejyon sa a gen ladann vil vakans touristik Huatulco, Mazunte ak Ziplote.

Dimanch maten, Agatha te santre a yon distans 313 kilomet konsa a lwès-sidwès Puerto Angel e li pote ave'l van kap soufle ak yon vitès 144 kilomèt alè.

Yo predi lap yon ouragan pwisan anvan li frape vil sa yo.

Otorite yo lanse avètisman pou di ka gen inodasyon ak gwo vag lanmè ki gen kapasite pou koze destriksyon.

XS
SM
MD
LG