Accessibility links

Breaking News

Premye Ouragan Sezon an ap Vanse sou Vil Touristik Meksiken yo


Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot Pasifik eta Oaxaca nan peyi Meksik, 30 Me, 2022.
Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot Pasifik eta Oaxaca nan peyi Meksik, 30 Me, 2022.

Premye ouragan sezon an ap vanse sou yono seri vil touristik kote ki gen bèl plaj ak vil kote moun fè lapèch sou kot sid peyi Meksik.

Meteyorolojis yo lanse avètisman pou di move tan an ka ka pote gwo vag epi koze inondasyon.

Ouragan Agatha te fome Dimanch nan rejyon ès oseyan Pasifik la e li te pran fos san ppèdi tan.

Sant Meteyoroloji Etazini an predi li pral pase sou peyi Meksik ak yon pwisans Kategori 2, Lendi apremidi oubyen swa.

Ouragan an te pran direksyon Puerto Escondido ak Puerto Angel nan eta Oaxaca ki sitye nan sid la.

Rejyon sila a gen plizyè otèl kote touris yo renmen al rilaks, an palan de Huatulco, Mazunte epi Zipolite.

Agatha pote avèl van kap soufle ak yon vitès 169 kilomèt alè.

XS
SM
MD
LG