Accessibility links

Breaking News

Blinken Kondane Atwosite La Risi Komèt nan Ikrèn


Yon fos komin nan Bucha, yon vil ki sitye andeyo Kyev, kapital peyi Ikren, Dimanch 3 Avril 2022.
Yon fos komin nan Bucha, yon vil ki sitye andeyo Kyev, kapital peyi Ikren, Dimanch 3 Avril 2022.

Sekretè d'Eta Antony Blinken kondane La Risi Dimanch, e li akize peyi a dèske li komèt atwosite pandan lap mennen lagè kont Ikrèn. Kritik sa yo rive nan moman mond lan komanse wè imaj kadav Ikrenyen lame Ris la kite dèyè tankou fatra nan lari Kyèv ak yon blanye ki rele Bucha, apre yo kite zòn nan.

"Pou paka evite santi yon kout pwen nan vant ou," diplomat pi wo plase Etazini an deklare nan yon entèvyou ak pwogram "State of the Union" chèn televizyon CNN. "Nou paka rete bra kwaze. Nou paka fè tankou si se yon bagay ki nòmal."

Blinken di Etazini pral "gade de pre pou kenbe yon dosye" sou krim La Risi komèt pandan lagè a toupatou nan Ikrèn. Otorite Ikrenyen yo deklare yo pran kontwòl rejyon nò-santral ki alantou kapital la. Twoup Moskou yo rale kò yo soti nan Kyèv kounyea pou konsantre nouvo atak yo kont vil ki nan sid Ikrèn e ki bay sou Lanmè Nwa a ak rejyon konteste Donbas la nan ès Ikrèn.

Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te pale sou kadav yo jwenn nan lari nan yon entèvyou ak pwogram "Face the Nation" chèn televizyon CBS la. "Vreman vre, se Jenosid," li deklare e li ajoute fòs Ris yo ap "detwi e elimine" Ikrèn.

XS
SM
MD
LG