Accessibility links

Breaking News

Biden Swete Pèp Ameriken an yon Jwayez Fèt Thanksgiving


Prezidan Joe Biden ak premyey dam Jill Biden poze pou yon foto ak manm Gad Kot Etazini nan Brant Point, Nantucket, Mass, Jedi 25 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden ak premyey dam Jill Biden poze pou yon foto ak manm Gad Kot Etazini nan Brant Point, Nantucket, Mass, Jedi 25 Nov. 2021.

Prezidan Joe Biden swete pèp Ameriken an yon jwaye fèt Thanksgiving (Aksyon de Gras) ki prèske nòmal ane sa a. Se dezyèm fèt Aksyon de Gras Ameriken ap fete nan lonbraj pandemi kowonaviris la.

Prezidan an ak premyè dam Jill Biden pibliye mesaj yo a - yon videyo yo anrejistre anvan yo te pran wout pou y'al nan zile Nantucket, tou pre kòt eta Massachusetts, kote y'ap pase fèt la ak fanmi yo.


Depi Nantucket, Biden yo te rele animatè parad Thanksgiving Macy's la nan Nouyòk pou salye moun yo. Parad la reprann eta nòmal li ane sa a.

Biden yo t'al vizite yon stasyon Gad Kòt nan Nantucket jodia, pou swete anplwaye yo jwayez fèt Thanksgiving - epi yo prezante meyè swè yo virtyèlman bay militè Ameriken toupatou nan mond lan.

Ameriken te bat bravo pou Biden yo nan moman kotej prezidansyèl la te pase devan stasyon Gad Kòt la nan Brant Point.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG