Accessibility links

Breaking News

Wi, Ou Ka Jwen Kodenn Achte pou Thanksgiving - Men Sa Pral Koute'w


Prezidan konpayi Butterball ki espesyalize nan kodenn, Jay Jandrain poze pou yon foto nan biwo li nan Garner, Kawolin di No, 19 Nov. 2021.
Prezidan konpayi Butterball ki espesyalize nan kodenn, Jay Jandrain poze pou yon foto nan biwo li nan Garner, Kawolin di No, 19 Nov. 2021.

Nap komanse ak bon nouvèl la: Pa gen mank kodenn antye Ozetazuni pou fèt Aksyon de Gras la. Men kodenn sa yo - epi lot bagay Ameriken renmen manje avè'l, tankou sos kanbèrj, tart, elatriye - taka koute pi chè ane sa a.

Biwo Bitasyon Ameriken an estime yon repa fèt Aksyon de Gras pou 10 moun pral koute $53.31 ane sa a. Sa reprezante yoon ogmantasyon 14% ak pri li te koute ane pase a.

Direktè konpayi Butterball, ki espesyalize nan kodenn, Jay Jandrain di travay, transpo, manje pou kodenn yo ogmante anpil - e pri a rete byen wo. Gen kèk sipèmache kap ofri rabè sou kodenn, men ekspè yo di rabè sa yo pap tèlman kouran ane sa a paske magazen yo tou ap fè fas ak konsekans enflasyon.

XS
SM
MD
LG