Accessibility links

Breaking News

Dè Milyon Ameriken, Menm Prezidan Biden, Ap Vwyaje Pou Fèt Thanksgiving nan


Otomobilis yo nan vil Denver, eta Colorado fe fas ak blokis sou otowout Interstate 25, Madi 23 Nov. 2021.
Otomobilis yo nan vil Denver, eta Colorado fe fas ak blokis sou otowout Interstate 25, Madi 23 Nov. 2021.

Klib otomobilis AAA predi 48 milyon 300 mil ameriken pral vwayaje sou yon distans omwens 80 kilomèt pandan sezon fèt la. Se yon ogmantasyon prèske 4 milyon konpare ak chif ane pase a malgre pri gaz la ogmante anpil.

Ekspè yo atann yo aske kantite moun k ap pran avyon semèn sa a Ozetazini pral nan nivo kantite a te ye anvan pandemi an. Yo kwè chif la ta ka menm pi wo pase sa.

Klib otomobilis AAA predi 48 milyon 300 mil ameriken pral vwayaje sou yon distans omwens 80 kilomèt pandan sezon fèt la. Se yon ogmantasyon prèske 4 milyon konpare ak chif ane pase a malgre pri gaz la ogmante anpil.

Anpil ameriken santi yo pi alèz ane sa a pou yo vwayaje, paske prèske 200 milyon pami yo deja pran vaksen kont COVID-19 la.

Sepandan, responsab yo gen kè sote devan posiblite pou konpòtman sa a pa lakoz pandemi a repran fòs nan peyi a. Etazini anrejistre chak jou yon afè 100 mil nouvo ka enfeksyon kowonaviris.

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan ayewopo Nantucket la abo avyon prezidansyel la Air Force One, Madi 23 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan ayewopo Nantucket la abo avyon prezidansyel la Air Force One, Madi 23 Nov. 2021.


Kisa Fanmi Biden nan Ap Fè?

Yon lòt kote, Prezidan Joe Biden, Premyè Dam Jill Biden ak manm fanmi yo ap fè menm jan ak anpil ameriken: yo pran direksyon Nantucket pou yo pase fèt Thanksgiving nan an fanmi.

Misye ak Madan Biden te vizite Nantucket, yon zile ki tou prè kòt Eta Massachusetts, pou la premye fwa lè yo te mennaj, yo potko marye. Lamezonblanch pa di kijan Prezidan Biden, ki fèk fete 79èm anivèsè li, samdi 20 novanm pase a, gen entansyon pase tan li sou zile Nantucket.


Travay Charite

Men, anvan Biden yo te pran wout la, yo te vizite yon kuizin ki ofri manje pou moun ki nan klas defavorize yo kote yo te patisipe nan distribisyon pla manje nan kad yon dine Thanksgiving. Vis Prezidant Kamala Harris ak mari li, Doug Emhoff, te rejwenn yo epi yo te ede yo sevi moun nan DC Central Kitchen, yon sant nan Washington ki non sèlman prepare manje pou moun pòv yo, men tou li antrene moun pou djòb nan domèn kilinè a (domèn kuizin ak restoran).

Se chèf, gran kuizinye renome ak imanitè Jose Andres ki jere kuizin sila a. Kisa k te nan repa a? Se kodenn, sòs, pwa tann epi patat.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG