Accessibility links

Breaking News

Parad Thanksgiving Macy's la Tounen Nan Eta Nomal li


Lapolis pase bò kote yon balon ki reprezante Grogu, ke anpil moun konnen kòm Bebe Yoda, yon pesonaj film popile Star Wars la (Lagè Dèz Etwal), 24 Nov. 2021.
Lapolis pase bò kote yon balon ki reprezante Grogu, ke anpil moun konnen kòm Bebe Yoda, yon pesonaj film popile Star Wars la (Lagè Dèz Etwal), 24 Nov. 2021.

Parad Fèt Thanksgiving magazen Macy's la prèske reprann eta nomal li konplètman ane sa a apre pandemi a te fòse yo fè anpil chanjman ane pase a.

Te gen gwo balon, cha, djaz ki tap defile, kloun, atis epi Tonton Nwèl. Defile a te travèse katye chik Manhattan nan jodi Jedi a.

Patisipan yo te oblije rete nan zon ki mezire yon blòk ke responsab yo deziyen an. Spektatè patka gade parad la an 2020 men ane sa a te gen yon pakèt moun sou plas, pou jwi tradisyon fèt aksyon de gras sa a.

Foto Achiv: Yon djaz monte Avnu Dez Amerik la devan Radio City Music Hall pandan parad Thanksgiving Macy's la nan Nouyok, 28 Nov. 2019.
Foto Achiv: Yon djaz monte Avnu Dez Amerik la devan Radio City Music Hall pandan parad Thanksgiving Macy's la nan Nouyok, 28 Nov. 2019.


Parad Macy's la se dènye nan yon seri evenman peryòd fèt Ameriken ki retounen nan eta nòmal li malgre pandemi a poko fini.

Sepandan, te gen kek mezi prekosyon an plas. Tout anplwaye ki tap travay sou parad la yo ak volòntè yo te oblije vaksinen kont COVID-19, e pi fò nan yo te oblije mete mask nan figi yo.

GADE: Repotaj Marie Luce Pierre sou nouvo balon parad Macy's yo

Chèn magazen ameriken Macy's ap òganize yon gwo festivite nan okazyon jou daksyon de gras la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:26 0:00

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG