Accessibility links

Breaking News

Biden Siyen Yon Lwa sou Defans pou 768 Milya 200 Milyon Dola

Prezidan Joe Biden, ki te nan elikoptè prezidansyèl Marine One nan, debake nan vil Rehoboth Beach, Eta Delaware, lendi 27 desanm 2021 an.
Prezidan Joe Biden, ki te nan elikoptè prezidansyèl Marine One nan, debake nan vil Rehoboth Beach, Eta Delaware, lendi 27 desanm 2021 an.

Valè total kòb pou defans la reprezante tou yon ogmantasyon $25 milya dola sou lajan Biden te mande Kongrè a otorize. Kongrè a te rejte yon premye pwojè lwa akoz manm tou le 2 pati yo te pè pou sòm lajan ki te ladan l nan pa t minen jefò Etazini ap fè pou l rete o pa ak La Chin e ak La Risi.

Prezidan Joe Biden siyen Pwojè-lwa Sou Otorizasyon Depans pou Defans Nasyonal la, yon sityati ki fè lejislasyon an tounen yon lwa imedyatman aplikab. Lwa sa a otorize dekesman 768 milya 200 milyon dola an depans militè; nan kob sa a genyen ogmantasyon salè pou manm fòzame Lezetazini yo pandan ane 2022 an.

Lwa sou Otorizasyon Depans pou Defans Nasyonal la prevwa yon ogmantasyon 5% nan depans militè yo pa rapò ak ane 2021 an. Lwa a se rezilta negosyasyon san pran souf ki te fèt ant palmantè demokrat ak palamantè repibliken sou divès kesyon, sòti nan refòm nan sistèm jistis militè a pou rive nan lit kont KOVID-19, tankou vaksinasyon pou sòlda ameriken yo.

XS
SM
MD
LG