Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an Anonse yon Ranfòsman Lit kont KOVID-19


Prezidan Joe Biden ki t ap ale de plandatak administrasyon l nan kont KOVID-19 ak vaksinasyon, nann Sal a Manje Deta La Mezon Blanch la nan Washington, madi 21 desanm 2021 an. (Foto AP/Patrick Semansky).
Prezidan Joe Biden ki t ap ale de plandatak administrasyon l nan kont KOVID-19 ak vaksinasyon, nann Sal a Manje Deta La Mezon Blanch la nan Washington, madi 21 desanm 2021 an. (Foto AP/Patrick Semansky).

Lidè ameriken an, Joe Biden, pale ak piblik la nan moman nouvo varyan kowonaviris la, omikronn, kòmanse gaye seryezman nan mitan popilasyon an.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, mete devan pèp ameriken an, nan jounen madi 21 desanm 2021 an, yon mesaj kote li bay detay sou demach ak dispozisyon administrasyon l nan ap anvizaje pou l ranfòse lit kont Pandemi KOVID-19 la. Lidè ameriken an pale ak piblik la nan moman nouvo varyan kowonaviris la, omikronn, kòmanse gaye seryezman nan mitan popilasyon an.

Nan mesaj Prezidan Biden nan, li lanse apel pou l mande yon efò nan tèt-ansanm pou konbat varyan omikronn nan k ap konplike bagay yo pou sistèm sante peyi a. Pou sa, administrasyon li a pral depeche kèk travayè lasante nan lopital ki manke pèsonèl yo, li pral pre-pozisyone bon kantite stòk medikaman atravè tout peyi a, epi l ap ofri ameriken yo 500 milyon kit pou test KOVID.

Misye Biden bay detay sou plandatak La Mezon Blanch kont pandemi an nan moman kantite nouvo ka KOVID-19 yo ogmante seryezman nan peyi a, alòske mil 143 mil moun mouri nan sèl jounen lendi 20 desanm nan –sa ki se yon kantite rekò. Preske 3 ka nouvo ka yo anrejistre nan peyi a se moun ki trape varyan omikwonn nan.

Klike sou video ki pi ba a pou w gen plis detay avèk Lyonel Desmarattes.

Jen Psaki anonse sijè Prezidan Biden ta pral devlope nan mesaj li a.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00

XS
SM
MD
LG