Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Massachusetts


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale pandan lap mennen kanpay pou kandida pou gouvene eta Maryland, Wes Moore nan Inivesite d Eta Bowie nan Maryland, 7 Nov. 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale pandan lap mennen kanpay pou kandida pou gouvene eta Maryland, Wes Moore nan Inivesite d Eta Bowie nan Maryland, 7 Nov. 2022.

Pou ede Demokrat yo ranpòte 51em syej yo nan Sena a, nan dezyem tou eleksyon Jòji a, Prezidan Joe Biden pral nan - Massachusetts.

Kek jou selman anvan eleksyon Madi a, Biden poko gen oken plan pou l vizite Joji. Olye de sa li pral eseye ede Senate Demokrat Raphael Warnock re-eli nan pòs li - de lwen.

Biden gen entansyon vizite gwoup moun kap kotize lajan pami elekte Demokrat yo epi asiste yon maraton.

Evenman sa yo fe pati estrateji apui de lwen ke Biden te anplwaye pandan eleksyon mi manda yo an Novanm.

Prezidan an gen entansyon pale nan telefòn ak patizan demokrat pou ede kanpay Warnock la, anvan li asiste maraton Komite Kanpay Senatoryal Demokratik la, ki deja depanse plizye milyon dola pou kore kanpay Warnock la kont Repibliken Herschel Walker.

XS
SM
MD
LG