Accessibility links

Breaking News

Biden: Imigrasyon Se yon Defi Emisferik Etazini ak Meksik Pataje


Prezidan Ameriken Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, nan Washington, Madi 12 Jiye, 2022.
Prezidan Ameriken Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, nan Washington, Madi 12 Jiye, 2022.

Prezidan Ameriken Joe Biden deklare jere defi imigrasyon poze pou tout emisfè a se yon pwoblèm Etazini ak Meksik pataje. Biden fè deklarasyon sa a nan moman Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador tap vizite Lamezonblanch, Madi.

Biden deklare li gen bon relasyon ak tokay Meksiken ni e ke administrasyon li ap kreye mwayen legal pou migran yo ka antre Ozetazini.

Biden ajoute 2 peyi yo pral travay sou envestisman nan enfrastrikti sou frontye a ak nouvo djob pou kraze rezo kap fe kontrebann dwog yo.

"Eben misye le prezidan ou gen anpil bagay enpotan pou di e nou dako sou anpil bagay. Nap gen chans diskite detay yo epi pale sou dezako nou. Men an jeneral mwen dako ak tout sa ou di. Fok nou travay sere sere," Prezidan Biden deklare.

Rankont la, ki dewoule nan Lamezonblanch vini mwenske yon mwa apre prezidan Meksiken an te vag sou rankont o some dez Amerik la nan Los Angeles, pou pwoteste kont desizyon Biden te pran pou'l pa envite gouvenman gochis Kiba, Venezyela ak Nicaragua.

Lopes Obrador di gen opotinite pou entanfisye relasyon bilateral yo anba ako USMCA a (yon ako komesyal ki siyen ant Etazini, Meksik ak Canada) e ke li pral sispann kek nan tarif yo malgre li pa presize kiles.

Lopez Obrador di gen Ameriken kap vwayaje Meksik pou achte gazolin akoz pri yo two wo Ozetazini e li garanti pou'l dispoze 2 fwa plis gazolin pase kantite ki disponib kounyea pou fe fas ak demann nan.

"Malgre USMCA fe pwogre nan direksyon eliminasyon tarif yo gen anpil lot ke nou taka sispann tou swit. E nou taka fe menm bagay ak kek regleman, mezi regilatwa ak pwosesis biwokratik," Prezidan Lopez Obrador deklare.

Biden bo kote pa li souliyen yon angajman ki egiste pou ogmante viza travay pwovizwa pou migran Amerik Santral yo. Sepandan okenn nan lide yo pa anonse okenn nouvo angajman vizavi migrasyon pandan konferans pou lapres yo te bay anvan rankont yo a.

Minis enterye Meksiken an te di 22 Jyen ke Etazini dako pou'l ofri 300 mil viza travay. Mwatye nan yo se pou Meksiken e res la se va pou moun Amerik Santral yo.

Konseye pi wo plase Prezidan Biden sou kestyon imigrasyon, Katie Tobin ba nou plis detay sou pwoje sa a.

"E se sa ki pwen santral fason administrasyon Biden vle kontrekare migrasyon iregulye. Nou konnen si nou vle redwi kantite moun kap antre lakay nou ilegalman epi ki konte sou rezo ilegal kontrebandye yo, fonk nou dispoze plis mwayen legal pou yo antre," Madan Tobin di VOA.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press. Korespondan VOA Espayol nan Lamezonblanch, Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG