Accessibility links

Breaking News

Biden Detroit pou Fè Piblisite pou Machin Elektrik


Mary Barra, PDG General Motors, pale ak Prezidan Joe Biden pandan li chita nan yon Corvette, pandan yon vizit nan konferans otomobil Detroit la, 14 Sept. 2022.
Mary Barra, PDG General Motors, pale ak Prezidan Joe Biden pandan li chita nan yon Corvette, pandan yon vizit nan konferans otomobil Detroit la, 14 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden mete aksan sou jefo administrasyon li ap fè pou fè piblisite pou machin elektrik, pandan yon vizit nan konferans otomobil Detroit la.

Prezidan an rive nan kokenn chenn Konferans Entenasyonal Otomobil Amerik di No a pou fe piblisite pou nouvo pwogram ki gen rapo ak chanjman klimatik, enpo ak swen sante e ki ofri kek benefis pou moun ki achte machin elektrik.

Li te egzamine yon seri machin ki fabrike Ozetazini ki fonksyone ak gas oubyen elektrisite, machin elektrik epi motè a konbustyon ke konpayi otomobil Chevrolet, General Motors, Ford ak Stellantis fabrike. Yo te oganize yon seyans prive pou preizdan an kote li te gen opotinite rankontre anplwaye konpayi yo ak manm sendika travaye otomobil yo, PDG epi lide lokal.

Biden renmen machin anpil e li gen yon Corvette Stingray ki date de ane 1967. San pèdi tan li te monte dèyè volan yon Chevrolet Corvette Zo6 - ki pa yon machin elektrik - epi li te limen mote a. Li te gen bo kote li PDG GM lan, Mary Barra - ki fe blag pou di - Prezidan an deklare li pral kondwi machin sa a pou retounen lakay li.

Prezidan Joe Biden monte nan yon Corvette pandan yon vizit nan Konferans Oto Detroit la Mekredi 14 Sept. 2022 nan eta Michigan.
Prezidan Joe Biden monte nan yon Corvette pandan yon vizit nan Konferans Oto Detroit la Mekredi 14 Sept. 2022 nan eta Michigan.

Apre sa Biden te gade nouvo Mustang Mach-E Ford la kote li te montre li emèveye pandan li tap koze ak direktè Bill Ford sou pèfomans machin nan.

Prezidan an di machin nan kouri vit - eske li gen yon bouton lansman? Li te gade tou machin elektrik E-Transit ford yo epi nouvo modèl kamyon popilè li a, F-150.

Pandan Biden aksepte akolad pou voum acha machin elektrik ki fèt Ozetazini pi fo pwojè sa yo te tanmen lontan anvan lwa Rediksyon Enflasyon an te siyen 16 Out la.

Pwojè lwa enfrastrikti ane 2021 Biden nan te bay domèn sa a yon bourad paske li dispoze $5 milya pandan 5 an pou ede kreye yon rezo stasyon EV pou chaje machin elektrik yo.

Pandan vizit li nan Detroit, Biden te anonse apwobasyon premye $900 milya dola asistans pou finanse enfrastrikti ki pral depanse pou konstwi chajè EV pou machin elektrik yo sou 53,000 miles (swa 85 mil kilomèt) otowout nasyonal nan 35 eta.

XS
SM
MD
LG