Accessibility links

Breaking News

Kalifòni: A Pati 2035 Tout Machin Dwe Mache Ak Elektrisite

solar car
solar car

A pati lane 2035 tout otomobil , kamyon ak lòt machinn kap gen pou sikile nan leta kalifòni ap oblije mache ak elektrisite.

Desizyon sa a ki apwouve par CARB a genyen pou objektif prensipal rediksyon kantite kabonn ki ap pwopaje nan espas Kalifòni an.

Yon desizyon konsa vize pou redwi a mwatye kantite gaz kabonik kap pwopaje nan eta kalifòni an pou rive nan lane 2040 yo konsa.

Gwo mezi sa ke leta Kalifòni a adopte jounen jedi a plase leta ki pi peple nan Etazini nan yon bon posizyon nan peyi leta kap batay pou avanse ak teknoloji machinn elektrik la.

This item is part of
XS
SM
MD
LG