Accessibility links

Breaking News

17 Eta Ameriken ap Konsidere Adopte Egzijans Kalifòni sou Machin Elektrik yo


Foto Achiv: Yon Chevrolet Volt hybrid ap re-chaje nan yon stasyon nan yon garaj nan Los Angeles, 17 Oct. 2018.
Foto Achiv: Yon Chevrolet Volt hybrid ap re-chaje nan yon stasyon nan yon garaj nan Los Angeles, 17 Oct. 2018.

Gen 17 eta Ameriken ki baze standar pou machin yo sou règleman Kalifòni yo. Kounyea yo gen pou deside si yo pral swiv nouvo règleman sevè eta a sot adopte yo.

Kalifòni deklare tout nouvo machin, kamyon pikòp ak kamyonèt dwe elektrik oubyen mache ak idwojèn disi ane 2035.

Dapre Lwa Lè Pwòp la, tout eta pral gen pou yo respekte standa gouvènman federal la tabli pa rapò ak emisyon machin yo amwens yo omwens dako pou yo swiv pasyèlman règleman pi sevè eta Kalifòni yo.

Washington Massachusetts, Nouyòk, Oregon ak Vermont anvizaje swiv egzanp Kalifòni an.

Colorado ak Pènsilvani pwobableman pap fè sa yomenm.

Teren legal la yon tijan pi glise nan eta Minnesota kote règleman "Machin Pwòp" eta sa a se sijè yon gwo batay legal.

Pandansetan, Repibliken nan eta Vijini rebele kont lyen ant règleman eta yo ak Kalifòni.

XS
SM
MD
LG