Accessibility links

Breaking News

Bahamas Arete 111 Migran Ayisyen Abò yon Chaloup ki te Chaje ak Moun


Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.
Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.

Otorite Bahamas fè konnen Madi yo arete 111 migran Ayisyen ke yo jwenn sou yon chaloup nan lanmè ozalantou zile a.

Yo te wè migran yo tou pre Guinchos Cay, ki sitye ant Bahamas ak Cuba. Nan gwoup la te gen 92 gason, 14 fanm ak 5 timoun.

Fòs Defans Wayal Bahamas di yo pral remèt migran yo bay responsab imigrasyon yo.

Arestasyon sa a vini nan moman kantite Ayisyen kap kouri kite peyi yo ogmante anpil anpil akoz ensekirite a epi kriz eknomik la. Dè santèn moun monte nan bato rachetik pou fè vwal pou Bahamas, Florid oubyen Potoriko. Gen dè douzèn moun ki mouri pandan mwa ki pase yo apre bato ki tap transpòte yo te koule.

Otorite Bahamas yo di yo atann yo aske yo pral arete yon chif rekò migran Ayisyen ane sa a. Yo deja arete 2,350 migran pou ane sa a, konpare ak 249 ke yo te arete an 2020 epi 1,644 an 2021.

XS
SM
MD
LG