Accessibility links

Breaking News

Bahamas Arete Yon Pakèt Migran an 2022 Pandan Vwayaj Sou Lanmè yo ap Ogmante


Foto Achiv: Apepre 100 Ayisyen chita sou yon vwalye apre li monte sou resif tou pre Staniel Cay, Bahamas, 26 Nov. 2013.
Foto Achiv: Apepre 100 Ayisyen chita sou yon vwalye apre li monte sou resif tou pre Staniel Cay, Bahamas, 26 Nov. 2013.

Bahamas arete plis migran ane sa a pase kantite yo te anrejistre pandan 3 ane ki pase yo kole ansanm, dapre done otorite yo remèt bay Reuters. Nouvèl la vini nan moman kantite migran kap pran kanntè pou eseye rive Ozetazini ogmante anpil.

Fos Defans Wayal Bahamas la arete 2,250 migran ant mwad Janvye ak Out, konpare ak 2,235 li te arete an tou pandan ane 2019, 2020 ak 2021. Se sa done RBDF la anrejistre montre.

Komandan Raymond King di Reuters "Fos Defans Wayal Bahamas la konstate yon gwo ogmantasyon nan migrasyon iregilye a sitou moun kap soti Repiblik Ayiti ak Kiba ane sa a, konpare ak sa nou te konstate pandan 2 ane ki pase yo."

Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.
Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.

Done yo montre gen 39 bato ke yo entèsepte an 2021, konpare ak 15 an 2020 epi 6 an 2019.

Zak vyolans gang yo ann Ayiti ak kriz ekonomik la nan Kiba lakoz moun riske lavi yo sou lanmè pou yo eseye rive Ozetazini nan bato rachetik.

Gen 17 moun, pami yo timoun ak fanm ansent ki te mouri apre yon bato ki tap transpote dè douzèn migran Ayisyen te chavire tou pre kot Bahamas mwa pase a. Sa te lakoz avoka gouvènman yo te akize 4 mesye de omisid envolontè.

XS
SM
MD
LG