Boston —
Mezi La Risi pran pou ogmante baboukèt li sou enfòmasyon kap sikile sou entènèt la ekspoze gwo fay nan jefò Kremlen an ap fè sou entènèt Ris la tounen yon zouti pwisan siveyans ak kontwòl sosyete a ki sanble anpil ak swadizan "Gran Miray Dife" La Chin nan.
Nempòt ki Ris ki gen konesans tou teknoloji kapab eskive tantativ Kremlen an ap fè pou anpeche popilasyon an jwenn enfòmasyon.
Sa mete konpayi entènèt etranje yo ak sèvis ki lye ak yo nan yon pozisyon difisil. Yap fè fas ak presyon piblik la pou pini La Risi pou lagè Ikrèn nan. Sepandan yo pa two kontan ke yo oblije ede bloke sikilasyon lib enfomasyon ki ka kontre dezenfòmasyon Kremlen an.